Federasyon Foutbòl Ayisyen an
Federasyon Foutbòl Ayisyen an (FHF) voye pi bon salitasyon li bay tout pèp Ayisyen an, kit se an Ayiti kit se aletranje, pou sipò san fay yo te bay Grenadiers yo pandan kalifikasyon yo pou koup di mond 2026 la ak koup dò 2025 la.
FHF la eksprime tou pwofon rekonesans li anvè tout jwè yo ak ekip antrenè yo pou angajman, detèminasyon ak travay di yo malgre pakèt defi yo te rankontre. Avèk faz final kalifikasyon Concacaf la k ap pwoche, ki pral kòmanse septanm pwochen, Federasyon an raple nou ke Grenadiers yo pral jwe sis match lakay-ale kont Ondiras, Kosta Rika ak Nikaragwa.
Gen anpil bagay an jwèt: kalifikasyon pou koup di mond 2026 la.
Plis pase yon defi espòtif, kalifikasyon sa a se yon vrè pwojè nasyonal. Se poutèt sa, Federasyon Foutbòl Ayisyen an (FHF) mande inite ak mobilizasyon tout fòs vital peyi a. Ansanm, nou gen responsablite pou nou kreye bon kondisyon pou drapo Ayisyen an retounen nan elit foutbòl mondyal la, 52 ane apre sèl patisipasyon nou nan koup di mond lan, an 1974 nan Almay.
Rèv kalifikasyon an posib. Sa depann de nou tout: gouvènman Ayisyen an, Federasyon an, jwè yo, sektè biznis la, ak chak Ayisyen, isit la kou aletranje.
Paske si nou ka avanse pi vit poukont nou, ansanm n ap rive pi lwen.
IH/ BF/ isit Ayiti
